Yon gwo kamyon truck aksidante nan mòn Tapyon 12èm seksyon kominal Tigwav.

08 – 02 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Yon gwo kamyon truck blan fè aksidan nan lokalite mòn Tapyon 12èm seksyon kominal Tigwav, maten dimanch 02 dawout 2026 la, ozanviwon 7 tè konsa.
Selon chofè kamyon an, akisidan sa rive nan moman li tap moute mòn nan epi li kale epi tonbe fè bak. Kamyon sila a ki te chaje ra gagann t’ap sòti pran machandiz sou waf Tigwav la pou ale komin Leyogan.
Kèk temwen ki te sou plas e ki tap repon’n kesyon laprès, ekzòte chofè yo kap kondwi kelkeswa machin nan, oubyen motosiklèt pou fè anpil pridans. Daprè rezidan yo, se chak jou genyen youn ou 2 aksidan ki fèt nan mòn Tapyon, Yo mande egalman pou leta ayisyen mete yon sou komisarya nan mòn Tapyon omwen pou kontwole vitès veyikil yo kap frekante mòn nan chak ki jou; yon desizyon ki kapab egalman anpeche zak malonèt pwodwi nan zòn nan.
Nap siyale, pa genyen moun ki mouri nan aksidan sila; sepandan genyen plizyè moun ki blese. Yo transpòte yo nan lopital jeneral Nòtredam Tigwav yon fason pou resevwa swen ka yo nesesite.






