Jakmèl: Mache Kominal la fèmen pou gwo netwayaj, Komisyon Minisipal la lanse apèl pou tout sektè yo mete men ansanm

08/02/2026
Jakmèl, Ayiti ____(TRiboLAND) Jan Komisyon Minisipal Jakmèl la te anonse sa deja, Mache Kominal Bodwen an pa fonksyone jodi dimanch 2 dawout 2026 la. Olye aktivite komèsyal yo, se yon gwo operasyon netwayaj ki fèt pou amelyore pwòpte ak kondisyon sanitè espas la.
Operasyon an se rezilta yon kolaborasyon ant Lameri Jakmèl, SNGRS, gras ak sipò TPTC, ansanm ak patisipasyon plizyè manm nan sosyete sivil la. Objektif inisyativ la se rann mache a pi pwòp, pi an sante epi pi akeyan pou machann ak kliyan yo.
Pandan aktivite a, twa manm Komisyon Minisipal la te prezan sou teren an, ansanm ak Direktè Depatmantal SNGRS la, pou sipèvize ak ankouraje travay netwayaj yo. Prezans otorite sa yo montre angajman administrasyon minisipal la pou amelyore anviwònman vil Jakmèl.
Nan okazyon sa a, Komisyon Minisipal la lanse yon apèl espesyal bay sektè prive a pou l vin kolabore ak Mèri a nan efò k ap fèt pou kenbe vil la pwòp. Daprè responsab yo, devlopman ak pwòpte Jakmèl se yon misyon ki mande patisipasyon tout sitwayen, enstitisyon piblik ak antrepriz prive yo.
Aksyon sa a make yon etap enpòtan nan batay kont salte nan vil la, pandan otorite yo ankouraje popilasyon an kontinye sipòte tout inisyativ ki vize fè Jakmèl tounen yon vil ki pi pwòp, pi bèl ak pi agreyab pou tout moun.






