Yon avoka nan komin TiGwav deklare ke l’ap pi byen mennen nan zafè agwikilti

1,079

12 – 03 – 2023

Ba Barèt, Ti Gwav, Ayiti_____(TRiboLAND) Cadet Daniel, yon avoka pwofesyonèl e jesyonè nan komin Ti Gwav, deside anbwase agwikilti ke li estme ki pi rantab ke pwofesyon dwà ke l’ap egzèse a.

Cadet, ki deklare ke li pa vle ofanse kòlèg li yo kap pwatike “dwà” anndan peyi a; rete kwè sa l’ap antre nan agwikilti antèm rantabilite ekonomik, li pa gen bouch pou pale!

Cadet ki voye yon gwo kout chapo bay diferan gwo plantè (René, Kervens, Lunès, Ti Son e latriye) ki kontinye ap pwomote agwikilti ansanm avèk li nan Premye Plènn nan, nan komin Ti Gwav. Pou limenn, se retire tout vye konsepsyon erone ki ta vle fè kwè moun ki nan nivo avoka, doktè e latriye pa genyen twòp pou wè avèk agwikilti.

Avoka Cadet, ki ta sanble genyen yon latriye konpetans nan plizyè domèn tankou, konstwi kay, mizisyen, dealer machin, e latriye, vle valorize pwodiksyon agwikòl la e defye tout vye konsepsyon ki majinalize sèktè agwikòl la, ki petèt youn nan faktè destriktif ki alabaz mizè sosyete a.

Cadet kontinye pou li di, ke li rate pwofesyon li; lè li konsidere pwofi bab e moustach ke lap fè nan agwikilti a : bagay li pa tap janm dòmi reve reyalize nan pwatike “Dwà”. Pou li menm, li estime ke l’ap byen pase nan envesti nan yon chan pye bannan “Gran Vensan”, 800 pye kap jenere yon bon grabday ekonomik.

Avoka Cadet Daniel, remèsye kazèk zòn Ba Barèt, ki ede li nan demach pou bay agwikilti a jarèt.

Comments are closed.