Rankont chanselye ayisyen an ak anbasad dominiken an nan kad bay relasyon kòkòday 2 peyi yo jarèt

TRiboLAND.com
Nan yon reyinyon tèt kole, chanselye ayisyen an ak anbasad dominiken an reyitere volonte yo pou bay relasyon kòkòday ant Ayiti ak repiblik dominikèn yo jarèt.
Minis Afè Etranje peyi Dayiti a, Havel Jean Baptiste ak anbasad Repiblik dominikèn ki nan peyi Dayiti a, Faruk Miguel Castillo te genyen yon tèt kole jodi jedi 21 novanm 2024 la nan kad yon bat bouch ki genyen pou objektif bay relasyon bilateral ant 2 peyi yo jarèt.
Reyinyon sila ki te fèt nan yon klima konstriktif, te mete aksan sou yon seri enterè mityèl tnakou koperasyon ekonomik, sekirite lizyè ak dosye migratwà. 2 antite konsène yo te byen analize plizyè pwen enpòtan ki genyen pou wè ak devlopman 2 peyi yo. Konsa, 2 pati yo te ensiste sou enpòtans pou mete sou kote yon seri ti dife volan ki egziste e kolaborasyon ki dwe jwen nan kad solisyon djanm fas ak defi rejyonal yo.
Li enpòtan pou ou konnen, yon parèy rankont mete an koz volonte 2 gouvènman yo pou ranfòse patenarya estratejik yo ak konsiderasyon yon pwosperite kolektif. Otorite 2 peyi yo reafime angajman yo pou kontinye fè ti bat bouch yo e miltipliye inisyativ pou bay kolaborasyon yo anpil jarèt.
Nap sinyale, kèk kritik estime se yon seri zèl kat kap rale e ki kontinye montre nan ki nivo dirijan vwayou peyi a ap imilye tèt yo e fè bèk atè devan egzijans dirijan rasis etranje ki pa pran yo pou po patat.
Tout mannèv diplomatik kap manniganse nan dènye jou sila yo, genyen anpil pou wè avèk satisfaksyon egzijans gouvènman dominiken an te fè Konsèy pwezidansyèl tranzisyon an pou revoke madam Dominique Dupuy, ansyèn minis Afè Etranje peyi Dayiti a.







Merci pour l’information.
Fondation Triboland Mombin-Crochu