Reveran pè Séraphin Constant nan pawas Senmaten Detou nan premyè seksyon Grangwav, repòte dat selebrasyon fèt patwonal pou 13 novanm pwochen.

11 – 10 – 2026
Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Reveran pè pawas Senmaten Detou, Séraphin Constant nan yon interview li akòde lapwès jodi madi 10 novanm 2026 lan, anonse fidèl katolik ke gwo sòlòkòtò tradisyonèl ki abitye fèt nan okazyon fèt patwonal Senmaten Detour chak 11 novanm, repòte pou vandredi 13 novanm pwochen aprè yon antant yo jwen ak responsab relijye ki nan pi wo nivo enstitisyon relijyez lan.
Selon responsab yo, chanjman sila arive fèt akoz se koz dat selebwasyon vinn koenside avèk menm dat kote ke pawas Senmaten nan 7èm seksyon kominal Tigwav ap fete nan menm dat jou mèkredi 11 novanm 2026 lan.
Sèvitè legliz Bondye a, ki fè tout pèleren yo konnen tout bagay deja prè bò kote pa yo pou selebrasyon fèt la 13 novanm k’ap apwoche la. Nan okazyon an, genyen divès aktivite ki deja kòmanse pou make fèt la; pami yo, 7 jou jeriko, netwayaj, pentire, konstwiksyon yon blog sanitè pou fasilite moun k’ap frekante espas legliz la fè bezwen fizylojik yo, selon pè Séraphin.
Li rabat pou li konfime, plizyè lòt manifestasyon seremonyèl ap arive fèt egalman, tankou : maryaj, batèm, kominyon epi gran seremoni fèt la k’ap vandredi 13 novanm 2026 lan.
Nan sans sa, pè Séraphin Constant ankouraje tout fidèl katolik yo pou yo vin fè koze anfoul nan gwo selebrasyon sen patwon yo, Senmaten Detou nan lapè ak trankilite.






