Petyonvil: 2 moun mouri ak plizyè blese nan yon aksidan sikilasyon

0 363

Petyonvil____(TRiboLAND) Yon moto ak yon machenn pwive fè aksidan nan komenn Petyonvil espesyalman nan zònn “Fipo”, koz 2 moun mouri sou plas ak divès lòt ki blese grav.

Selon temwen ak zenyè, machenn nan te ak gwo vitès lòske li arive fwape motosiklèt la ki tap transpòte 2 moun; konsa, li te kontinye ap fè chemen li jiskaske li ale fwape nan yon lòt machenn. Tou 2 pasajè mouri fwèt e kwense anba machenn nan, dapwè temwen yo.

Leave A Reply