Jakmèl : Yon jèn gason 20 lane pèdi lavi l aprè yon gwo wòch tonbe sou li nan yon twou sab

08/02/2026
Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon trajedi frape zòn Lafon, nan komin Jakmèl, kote yon jèn gason ki rele Stanley, ki gen anviwon 20 lane, pèdi lavi l nan yon aksidan malere pandan li t ap travay nan yon twou sab, samdi 1e dawout 2026.
Daprè premye enfòmasyon yo, Stanley t ap fè aktivite nan twou sab la lè yon gwo wòch kase epi tonbe sou li. Chòk la te tèlman vyolan, li louvri tèt jèn gason an, sa ki lakòz li mouri sou plas anvan nenpòt sekou te ka rive.
Lanmò brital Stanley a lage fanmiy li, zanmi li ak tout rezidan zòn Lafon nan gwo lapenn. Anpil moun fè konnen travay nan twou sab yo fèt souvan san mezi sekirite ki nesesè, sa ki ekspoze travayè yo anba gwo risk eboulman chak jou.
Aprè trajedi sila, plizyè sitwayen ap mande otorite lokal yo pran dispozisyon pou kontwole aktivite ekstraksyon sab yo, egzije plis mezi sekirite, epi sansibilize pwopriyetè ak travayè yo sou danje ki genyen nan kalite travay sa yo, yon fason pou evite lòt fanmiy konnen menm doulè a.






