Arè travay tribinal de pè Ansafolè

0 322

Ansafolè__(TRiboLAND)  Pòt tribinal de pè Ansanfolè a sou 2èm jou fèmen swit apwè lòd responsab tribinal la jwenn nan men otorite yerachik yo ki mande yo obsève yon arè travay swit apwè menas malè pandje sèten tribinal nan peyi a ap sibi pandan dènye jou sa yo.

Kontakte yonn nan Jij yo, li esplike TRiboLAND ke yo oblije fè sa; sepandan jiridiksyon pa yo a pa twò sible nan sans sa. Yo espere fè tout efò pou yo louvri pòt tribinal la nan jou kap vini la yo.

Nap raple tribinal la loje tou biwo Etasivil komenn nan ki ap desèvi sant vil la ak 3 seksyon kominal yo.

Victor Jn Era, TRiboLAND

Leave A Reply