Tigwav: Met Michaud Saint-Louis denonse Prigel Vigil, ki kanpe ankwa pou wout ak sant sante pa konstwi nan Trouchouchou

1,489

04-21-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Avoka militan nan bawo jiridiksyon Tigwav la, Michaud Saint-Louis nan yon rankont ak la près jounen vandredi 21 avril 2023 a; an prezans akvoka kap defann yon pwojè kominotè, mèt Pierre Augustin ak Jij depè Vyalè 1è seksyon an, Délicio Vernevil, yo pa manke mo pou denonse konpòtman mèt Vigil Priguel, konfŕè li, peyizan parèy li, li di ki kanpe ankwa fas ak yon konstwiksyon wout ak tout yon sant sante fanmi li ki nan dyaspora a ap reyalize pou moun nan kominote Nan Plèn 2èm seksyon kominal Trouchouchou, Tigwav.

Pou nèg lalwa a, Vigil Priguel ta deklare ke lè sant sante a, fin konstwi, se non fanmi Saint-Louis ki pral alonè nan zòn nan. Mèt Michaud pote demanti fòmèl fas ak deklarasyon mansonjè , li di mesye Vigil Priguel fè kont li, kòm kwa lap mache vòlè tè peyizan yo nan seksyon an.

Yon lòt bò, avoka Michaud Saint-Louis denonse gwo menas lanmò; li fè kwè mèt Priguel fè li, akòz lap milite pou gen wout ak mete kanpe yon sant sante nan zòn nan pou desèvi peyizan yo.

Mèt Michaud pwofite okazyon pou atire atansyon lokal, nasyonal ak entènasyonal pou kelkeswa sa ki ta rive li ak fanmi li, se sou responsabilite mèt Vigil Priguel.

Antretan, jij Délicio Vernevil sou bò pa li, ki te prezan nan zòn nan, esplike, sa fè anviwon 3 vwayaj li fè nan kad konsta dosye konfli ki egziste nan mitan abitan yo nan lokalite Almitra. Délicio fè konnen, se yon mank koperasyon bò kote mèt Priguel ak kèk lòt moun ki lakoz sitiyasyon sa a, ap devlope nan kominote a.
Mèt Délicio deklare, li pral envite tout aktè konsène yo nan yon chita pale nan biwo li, yon fason pou rive jwen yon antant pou debloke sitiyasyon an, pou evite san koule nan mitan peyizan yo.

Nap siyale, popilasyon nan lokalite Nan Plèn di yo dakò pou konstwi wout ak sant sante a, sepandan yo presize, se mèt Vigil Priguel ki ta kache dèyè yon ti klik moun pou opoze ak devlopman nan kominote a.


Comments are closed.