Yon rankont òganize 5èm seksyon Kapwouj pou reflechi sou espas kap konstwi sit fouraj yo nan komin nan.

02-28-2023
Kapwouj, Bono, Ayiti (TRiboLAND) Yon rankont òganize nan lokalite Kapwouj 5èm seksyon Bono ak kazèk 4èm seksyon Rivyèdèba a, Anol Gustave, e kazèk ak azèk 5èm seksyon an Norline Petit Blanc.
Objektif chita tande anba tonèl sa , se te pou bwase lide sou espas kote sit foraj ap konstwi. Estrikti sa yo, reprezante yon gro danje akòz mwayen ki pa gen pou dedomaje pwopriyetè kote sit foraj yo ap fè a.

Kazèk Gustave ki tap prezide rankont lan, deklare gen anpil nesesite pou mete dlo nan komin nan pou satisfè bezwen popilasyon sa. Youn nan pwopriyetè yo di li aksepte pou bay aval li pou rezoud pwoblèm pèp la.
Fòn di w, gen 5 espas ki prevwa genyen konstriksyon foraj pou mete sit dlo yo nan komin nan pou kapab jwen kantite dlo pou satisfè demand popilasyon an.
Pierrilien Nicol Colly






