Jistis ap reprann fòs nan Nò a, TPI Lenbe ak Wanament sou wout pou lanse fonksyònman yo

03/09/2026
Lenbe, Ayiti _____(TRiboLAND) A pati demen lendi 9 mas 2026 la, Tribinal Premye Enstans Lenbe a ap lanse aktivite li yo ofisyèlman, pandan Tribinal Premye Enstans Wanament lan ap reprann fonksyònman li tou. Relansman sa a reprezante yon etap enpòtan pou ranfòse sistèm jidisyè a nan rejyon Nò ak Nòdès peyi a.
Nan kad relansman Tribinal Premye Enstans Lenbe a, plizyè nouvo responsab pral prete sèman demen lendi 9 mas la pou pran fonksyon yo ofisyèlman. Pami yo gen Magistra Louidor Louima ki pral okipe pòs Dwayen tribinal la, Pierre Leveque kòm Komisè Gouvènman, Kelindra Elusma kòm Premye Grefye, ak Anderson Pierre ki pral sèvi kòm Iwisye Odyansye.
Enstalasyon nouvo responsab sa yo vini kòm yon demach pou bay sistèm jistis la plis efikasite epi amelyore sèvis legal pou popilasyon an. Relouvèti ak òganizasyon tribinal sa yo ta dwe pèmèt sitwayen yo jwenn plis aksè ak jistis, pandan otorite yo ap chèche bay plis kredibilite ak estabilite nan fonksyònman enstitisyon jidisyè yo.





