Majistra prensipal komin Wanament la Luma Demetrius anonse tout kay ki konstwi sou liy DINEPA pral kraze

918

03-14-2023

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou li bay jounen madi 14 mas 2023 a, majistra prensipal komin Wanament la, Luma Demetrius, fè konnen travay kite anonse pou fèt nan espas zòn ladwan nan mèkredi a, repòte pou yon lòt dat .

Travay sila yo pa rive fèt akòz absans komisè gouvènman an, Eno Zéphirin; planifikasyon yo pa gentan fèt pandan l presize pou di sòti bò sant sante Wanament la pou rive sou fwontyè a. Li kontinye pou di: ke pèsòn p’ap epanye anba desizyon li menm ak komisè gouvènman an pran pou netwaye epi kraze kay ki konstri nan zòn kote DINEPA ye a, ki se yon zòn anachik.

Majistra Luma voye jete byen lwen kesyon otorizasyon lameri te bay moun pou konstri nan zòn sa a, espas sa pa pou konstriksyon.

Jn Simon Manex jnsimonmanex8@gmail.com

Comments are closed.