Istorik nan Pòdepè, UPNOPP òganize premye gradyasyon li aprè 13 lane egzistans

244
0
Share:
TRiboLAND

03/09/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Vil Pòdepè viv yon moman istorik jounen dimanch 8 mas 2026 la ak òganizasyon premye seremoni gradyasyon “Université Publique du Nord-Ouest à Port-de-Paix” (UPNOPP). Nan okazyon sa a, plis pase 200 fanm ak gason resevwa diplòm fen etid inivèsitè yo, yon evènman ki make yon gwo etap nan lavi akademik enstitisyon an aprè 13 lane egzistans.

Seremoni an te dewoule anba leadership rektè Joël Michel, ki te mete aksan sou enpòtans moman sa a pou devlopman edikasyon siperyè nan depatman Nòdwès la. Nan entèvansyon li, li salye detèminasyon etidyan yo ki te fè anpil sakrifis pou rive jiska etap sa a, pandan li ankouraje nouvo diplome yo pou sèvi peyi a ak konpetans yo genyen.

Plizyè otorite lokal, manm pèsonèl akademik, paran ak envite espesyal te pran pati nan seremoni an pou temwaye sipò yo. Premye pwomosyon diplome UPNOPP sa yo reprezante yon gwo espwa pou avni rejyon an, sitou nan yon kontèks kote peyi a bezwen plis kad kalifye pou kontribye nan devlopman sosyal ak ekonomik li.

Share:

Leave a reply