Kòdonatè Kazék seksyon kominal Savann Long, di planèt la babay

972

01-21-2023

Wanament, Ayiti ___(TRiboLAND) Latristès anvayi popilasyon Savann Long, nan mitan fèt patwonal seksyon kominal la, kote kòdonatè kazèk Saint-Ange Jean Relus, tout moun konen sou non “Zanyi”, pèdi lavi li dwòl aprè li fin resevwa yon bal nan lestomak.

kazèk Saint-Ange Jean Relus

Zanyi mouri nan moman li tap selebre fèt patwonal lakay li vè 2 zè maten jodi samdi 21 janvye 2022 a. Kèk pròch li ta fè konnen se nèg ki pa idantifyàb ki tire li nan biwo li. Malgre mannèv pou te transpòte kazèk la lopital; men elas! Li pat gen chans rive.

TRiboLAND aprann ke genyen yon delegasyon kazék ki soti nan diferan seksyon kominal ki deja prezan nan Savann Long, depatman Nòdès peyi a.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.