Fondasyon TRiboLAND demare ak premye jounen fòmasyon sou fabwikasyon pwodwi chimik li nan vil Wanament jodia.

868

06-24-2023

Wanament, Ayiti_____(TRiboLAND) Jan sa te anonse, Fondasyon TRiboLAND demare ak pwemye jounen fòmasyon sou fabrikasyon pwodwi chimik ak jèn yo nan vil Wanament, jodi samdi 24 jen 2023 a.

Yo te plisyè jèn, desiziv, avèti e anbisye pou aprann, te pote boure byen bonè maten an nan lokal ki loje Kolèj Vision Nouvelle, Mankèt, nan vil Wanament. Konsa, balon santre, aprenan yo deja trè dispo e yo konte aprann plizyè faz nan fason pwodwi yo dwe itilize ak eksperimantasyon an fonksyon yon seri resèt ki gen pou wè ak fabrikasyon tout kalite.

Fòmasyon sila, ke komite kòdinasyon TRiboLAND lan, ki genyen nan tèt li Manex Jean Simon, nan Wanament, mete sou pye ak yon fòmatè enpekab, senbolize yon ak angajman Fondasyon TRiboLAND. Li chita sou konbat non sèlman delenkans jivenil atravè peyi Dayiti, men tou, pou fasilite konpetans abilite ak kichòy grese sere nan pòch sa yo kap naje nan mal site.

Fondasyon TRiboLAND plede pou distribye fòmasyon ou seminè gratis sou nenpòt fòm e patikilyèman pou sa yo ke Leta ak politisyen pran an notaj, bliye e bwase nan farinn.

Comments are closed.