Tantativ pou akapare Ladwann Wanament lan: gwo twoke kònn janm tranble ant BSAP ak PNH

984

01 – 24 – 2024

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon tentative pou fè dap piyanp sou ladwann Wanament lan, plizyè inite espesyalize tankou : PNH UDMO, Polifwont ak BI repouse agresyon ajan BSAP yo, yon fason pout e pwoteje dwann fontalyè a.

Bagay ta pral mangonmen, se nan moman mesye BSAP yo te pase lòd pou fèmen tout yon seri biznis ki tap fonksyone sou wout Nasyonal numewo 6 la, rejyon Nòdès peyi Dayiti.

Antouka, se yon seri leve kanpe kap miyonnen nan plizye rejyon peyi Dayiti, yon seri konfwontasyon ak mobilizasyon kont Ariel Henry ki vinn ogmante apwè Ariel Henry deside depoze alatèt jeneral ANAP la, Jeantel Joseph.

Nou vle raple, vil Wanament toujou sou mòd panik ak tranble janm, alòske otorite lokal yo kontinye ap milyipliye bwas pou retabli lòd.

Comments are closed.