Nòdès: Direktris depatmantal TPTC detemine pou fini ak konstriksyon plas piblik Notre Dame Wanament lan

1,396

08-06-2022

Wanament, Ayiti ___(TRIboLAND) Direktris depatmantal TPTC Nòdès la, Enjenyè Altenor Horderlyne Teresa akonpaye majistra, Jij Depè, ak lapolis pou fè konsta dap piyanp ki fèt sou plas piblik Notre Dame nan.

Pandan pasaj Direktris Depatmantal TPTC Nòdès la, li fè konnen nan mikwo konfrè Guiometre Widelin ke 13 milyon goud se montan ki depoze sou kont direksyon depatmantal la sou 16 milyon ki destine pou konstriksyon plas piblik Notre Dame nan Wanament.

Enjenyè Altenor rapouswiv pou li kalifye gwoup moun ki pran plezi nan penetre san fwa ni lwa espas konstriksyon an, e kraze barye e pote kòm zak banditism ak vòlè. Direktris la ale pi lwen pou l di travay yo ap redemare aprè fèt la, li mande popilasyon rete tèt frèt paske priyorite l se fini konstriksyon plas piblik lNotre Dame nan nan Wanament.

Jn Simon Manex

Comments are closed.