Grandans Politik : Batay pou entegrasyon fanm peyizan yo nan priz desizyon peyi a.

1,249

03 -12-2023

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Nan lide pou konstri yon sosyete sans fòs kote, pwogram kap apiye gouvènans lokal yo nan nivo leta kou nan sosyete sivil lan (PAGODE), madanm Idel Brenis ki se kòdonatris estrikti sila, nan entèvansyon li sou plizyè fòma diskisyon atrave depatman Grandans la, mete anfaz sou reprezantasyon ak patisipasyon aktiv fanm yo nan desizyon politik peyi a.

Brenis ankouraje entegrasyon fanm yo kap viv nan milye riral yo nan zafè peyi a. Li menm ankouraje pou yon resevwa bonjan fòmasyon ak ladrès ki dote yo de bonjan sans sitwayènte, sivik ak patriyotism; konsa, sa ap kapab pèmèt yo entegre tout sa kap fèt nan peyi a. Tankou patisipe nan pòs de desizyon yo ,sitou vote moun ke yo fè konfyans, poze kandida yo pou kelkeswa pòs ke’l ye a.

Nap raple, PAGODE, ki se yon oganizasyon lokal ki jwenn bourad lajan bò ko te peyi laswis via anbasad yo an Ayiti.




Comments are closed.