Me Adher Masselin prete sèman kòm Subtitu Komisè Gouvènman nan Pòdpè

183
0
Share:

03/09/2026

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon nouvo etap enpòtan franchi nan sistèm jistis la nan depatman Nòdwès la. Avoka Me Adher Masselin prete sèman jodi lendi 9 mas 2026 la kòm Subtitu Komisè Gouvènman bò kote pakè Tribinal Premye Enstans Pòdpè a.

Seremoni prestasyon sèman an fèt devan otorite jidisyè yo, kote nouvo sibstiti a pran angajman pou sèvi lajistis ak entegrite, respè pou lalwa ak sans devwa anvè popilasyon an. Nominasyon sa a vini nan yon moman kote anpil sitwayen ap tann plis efikasite ak transparans nan fonksyònman sistèm jidisyè kap naje nan labou kòripsyon nan rejyon an.

Ak antre Me Adher Masselin nan pakè a, anpil obsèvatè espere li pral pote yon nouvo dinamism nan tretman dosye yo, pandan li pral kontribye nan ranfòse batay kont enpinite ak amelyore sèvis jistis la nan vil Pòdpè ak nan tout depatman Nòdwès la.

Share:

Leave a reply