Nòdwès : PAM/KARITAS Distribisyon Èd Alimantè pou fanmi viktim katastwòf 2024 yo.

415
0
Share:
Triboland

Nòdwès, Ayiti______(TRiboLAND) PAM (Pwogram Alimantè Mondyal), nan tèt kole ak KARITAS, kòmanse depi senmenn pase ak distribisyon Èd Alimantè bay plis pase yon milye fanmi ki te frape nan gwo katastwòf, desanm 2024 pase a, atravè depatman Nòdwès la.

Konsa gen anpil fanmi nan seksyon kominal tankou : Pòdpè, Obè, Tifon, Deside, Polen – Lakòn, Lagòj elatriye ki deja resevwa asistans alimantè sila a. Jounen lendi 14 jiyè 2025 lan, PAM ak tout KARITAS te monte pikèt yo nan Mawotyè, lokalite Bochan, 4e seksyon kominal Pòdpè, depatman Nòdwès, pou kontinye ak yon seri livrezon èd sila yo.

Selon kèk benefisyè, se te yon èd ki te dwe distribye depi nan lane 2024. Men se akoz sitiyasyon peyi a; toujou selon benefisyè yo, kote gang sangwen yo okipe prèske tout espas tèritwa ayisyen an ki fè se nan moman sila yo, yo pwosede ak livrezon yo. Selon konsta TRiboLAND, chak fanmi resevwa yon sak diri 8 mamit ak 3 mamit pwa. Sitiyasyon fanmi yo tèlman terib ; se nan goumen, nan pouse ak batay pou yo rive jwenn ti sal bab sila.

Plizyè notab nan Mawotyè, lokalite Bochan, pote kritik sou fason levrezon lamanjay la ap efektye; yo estime genyen anpil difikilte e se nan fòse pou yon fanmi rive benefisye asistans sila. Yo kritike mouche Leta atravè yon KPT/gouvènman gang san vizyon, yo di ki kwaze men li devan soufrans popilasyon an, alòske dlo Twa Rivyè, Rivyè Dèba, Rivyè Janrabèl elatriye ap gaspiye e jete nan lanmè.

Share:

Leave a reply