Nòdwès andèy: Delege depatmantal Rock Excéus mouri Pòtoprens

02/09/2026
Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND)Jodi lendi 9 fevriye 2026, Delege depatmantal Nòdwès la, Rock Excéus, mouri nan yon otèl nan Pòtoprens, daprè enfòmasyon ki disponib jiskaprezan.
Daprè sous yo, otorite a te souvan soufri tansyon. Li te pase nwit la pou kont li. Nan maten an, lè responsab yo remake li pa t leve, yo ouvri pòt chanm lan epi yo jwenn li san lavi, benyen ak san. Anpil moun revele se yon kriz kadyak li ta fè.
Pou kounye a, otorite konpetan yo poko bay detay ofisyèl sou kòz lanmò a, pandan y ap tann konklizyon medikal ak ankèt ki nesesè yo.
Lanmò Rock Excéus se yon gwo chòk pou depatman Nòdwès la. N ap raple li te: ansyen Depite Bonbad/Bèdeyèn, Direktè Jeneral Ofis Nasyonal Migrasyon (ONM), epi li te okipe fonksyon Delege Depatmantal Nòdwès la depi kèk mwa.
Plizyè reyaksyon ap tann nan mitan klas politik la ak popilasyon Nòdwès la, pandan peyi a ap salye memwa yon kad ki te okipe plizyè gwo responsablite nan administrasyon piblik la.






