Pou pi piti 2 kay boule rapyetè, 4 lòt pèkizisyone, yon moun arete, se bilan ajan UDMO yo nan lokalite Andwo, ki t’ap chèche kou chen fou, yon gang ki pote non “IZOLAN”.

1,076

Lapolis ak lajistis nan jiridiksyon Nòdwès la mete dife nan 2 kay, san konte 4 lòt yo pèkizisyone, e pote ale plizyè bataklan.

08-22-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan kad yon operasyon ajan UDMO yo mennen nan tèt kole ak jij Depè Chansòlm nan, nan lokalite Andwo, yo pase anba flanm dife pou pi piti 2 kay, san konte 4 lòt yo fouye, yon fanm jwenn arestasyon li, epi pote ale pano solè, telefòn ak divès lòt objè enpòtan, dapwè deklarasyon plizyè ti malere ak malerèz ki viktim anba men ajan UDMO yo, nan jiridiksyon Nòdwès la, jounen lendi 21 dawou 2023 a.

Aksyon sa yo rive poze, se nan moman ajan UDMO yo te pran nouvèl chèf gang ki pote non Izolan an, ke yo t’ap chèche kou chen fou, ki t’ap opere nan lokalite nan Kann, yon lokalite nan 3èm seksyon Polen/Lakòn, kote annafè a te vin kache.

Pou anpil moun ki tap pale e ki pat vle non yo site, fè konnen, efektivman Izolan te nan zòn nan, men ajan UDMO yo konnen byen se nan Kann li abite, paske se la li kenbe zangi pou li fè lajan. Si yo te vle, yo konnen sa yo ted we fè pou yo te jwenn li.

Yon lòt bò, genyen plizyè lòt viktim ki fè konnen, ajan UDMO yo nan moman operasyon an, mete lakay yo tèt anba, sa ki pi mal la, yo rantre nan yon kay, kote yo tap chaje telefòn yo voye tout bagay deyò, epi pran plizyè telefòn mete nan pòch yo, san konte divès lòt objè ki tounen sèn piyaj.

Konsidere bannann mi gen fòs sou dan pouri, ti malerèz sa yo ki deja nan lari a, mande ak ajan UDMO sa yo, si yo bezwen bandi ale Tibwadòm ak nan Kann, paske yo menm nan lokalite Andwo, se jaden yo konn fè, se pa zam yo konn kenbe pou chèche piye e fè lajan nan simen laterè ak abi otorite.

Comments are closed.