Nan yon operasyon tchèk pwent: lapolis mete atè yon bandi, youn arete e yon lòt kraze rak

0 336

Pòtopwens____(TRiboLAND) Dapwè yon nòt ki sòti bò kote otorite PNH yo, yon vòlè ki patisipe nan kase yon magazen telefònn pòtab sou Nazon an nan Pòtopwens Lendi 13 Avwil la,  jwen ak zo grann li nan echanj gwo kout zam ak yon patwouy polisye.

Viktim nan ki te nan kòkòday ak 2 lòt konplis te arive plen yon sak ak telefònn pòtab; konsa ajan lòd yo te arive rekipere aparèy yo. Youn nan bandi malfwa yo jwenn arestasyon li e lòt la gentan kraze rak.

Ajan PNH yo arive sezi yon kalib 9 mm ak yon nimewo janngo mètdam, dapwè nòt Direksyon Jeneral PNH la.

Leave A Reply