Okazyon fêt ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide lan, plizyè santènn manm fanmi Lavalas pwan beton an nan Jeremi

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Nan okazyon swasant douzième anivèse ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide lan, manm fanmi Lavalas yo pat rete endiferan, plizyè santènn manm patizan ou senpatizan kite sòti atravè katòz komin depatman Grandans lan, te rann yo sou plas nan vil Jeremi, non sèlman pou fete dat nesans lidè Lavalas lan, men tou se te okazyon pou militan yo mande peyi Lafrans pou bay Ayiti kòb restitisyon an ke pèp ayisyen an jije ki lalwa.
Nan menm okazyon anivèsè ansyen prezidan an, sou demand Kòdinasyon depatmantal Fanmiy Lavalas lan nan Grandans, yon mès aksyon degras realize nan legliz Sentantwann Bòd pou mande Bon Dye Lavi a, pwoteksyon pou lidè yo a, yo jije ki bon pou yo.






