Nòdwès Edikasyon: egzamen ofisyèl 9e AF

393

10\10\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Se yon kantite 12,146 elèv 9e AF ki deja mobilze pou al subi Egzamen Ofisyèl Ministè Edikasyon Nasyonal ap òganize nan entansyon yo pou lendi k ap 12 oktòb 2020 an.

Weblaire Amiel Dufresne

Kandida sa yo pral repati konsa nan diferan rejyon nan Nòdwès peyi a: Jan Rabèl 1478 kandida, Bonbadopolis 838 kandida, Mòl Sen Nikola 751, Sen Lwi Dinò/Latòti 2,568 kandida ansuit Pòdepè 6,511patisipan. Kandida sa yo, selon direktè depatmantal Edikasyon Nòdwès la, pwofesè Weblaire Amiel Dufresne, pral loje sou 56 sant egzamen. Ap gen 06 syèj pou 499 sal klas.

Nan moman sa, daprè responsab yo, tout bagay sanse pare pwiske direksyon an deja ap pase men sou faz final enpresyon kopi egzamen yo yon fason pou fasilite distribisyon yo nan diferan distri eskolè atravè depatman Nòdwès la. Konsa, lendi maten byen bonè, demaraj egzamen yo ap pran chè.

Direktè depatmantal Edikasyon Nòdwès la, pwofesè Weblaire Amiel Dufresne mande kòlaborasyon tout aktè konsène nan sistèm nan: paran, elèv, direktè/direktris lekòl, sendika anseyan, Sosyete Sivil ………., pou reyisit egzamen sa yo, paske egzamen leta se zafè tout antite nan sosyete a, toujou daprè Alatèt direksyon depatmantal Edikasyon Nòdwès la, Weblaire Amiel Dufresne ki t ap depoze.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.