Endividi pèsòn pa rive idantifye ak zam manch long fè machin André Michel la fè mikalaw ak yon lapli katouch nan Laboul 14.

939

03 – 13 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Gang ame yo fè yon gwo kou rate sou ansyen avoka pèp la. Endividi pèsòn pa rive idantifye ak gwo zam manch long nan Laboul 14, pran machin avoka pèp la nan yon gètapan, saki lakòz moun ke yo konsidere kòm chofè Mèt la (Ti Panfil, yon ansyen atache) ta mòtèlman blese.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND ta fè kwè, avoka pèp la ki se Mèt André Michel, pat prezan nan machin nan, nan moman nèg ak zam yo te pare pou te fini ak mèt André Michel. Sepandan, kèk kritik fè konnen, Ti Panfil pat janm chofè André Michel, ke popilasyon ayisyèn nan ap chèche tankou epeng ti tèt.

Yon evènman ki ta pral lakòz ajan PNH yo pran kontwòl perimèt la e entèdi zannana kòm pengwen, pa kontinye itilize twonson wout la pou yon ti bout tan.



Comments are closed.