Katye Mòrin : BSAP arete yon manman apre li fin pike pitit gason li, swadizan li se masisi

445
0
Share:
TRiboLAND

Katye Morin, Ayiti ______(TRiboLAND) BSAP (Brigade de Surveillance des Aires Protégées) mete men sou yon fanm anpil moun konnen sou non “Manman Lavi”, apre li ta rale kouto pou pintade pwòp pitit gason li, Black Jeff ki gen 17 lane. Zak sila fèt nan komin Katye Mòrin, nan depatman Nò peyi Dayiti jou lendi 14 jiyè 2025 lan, nan aprè midi.

Daprè deklarasyon manman an nan mikwo laprès, li di se pandan li tap fouye telefòn pitit gason an li te dekouvri mesaj, foto ak lòt eleman ki fè-l kwè pitit li se yon masisi e li ta menm gen mari. Manman an, ki di li te choke anpil, eksplike se apre pitit li te kòmanse manke-l dega ak manke-l respè li pat ka kontwole tèt li e li pike-l bò kòt.

Malgre efò ki fèt pou pwoteksyon dwa moun, sitou dwa moun LGBTQ+ yo nan peyi Dayiti, anpil moun toujou gen difikilte devlope yon kilti tolerans ak akseptans anvè group sila. Zak vyolans sa a, soulve anpil reyaksyon nan kominote a, pandan lòt ap mande plis sansibilizasyon sou koabitasyon ak respè diferans chak moun.

Pou kounye a, jèn masisi an ap resevwa swen ke ka li nesesite, e manman an nan men otorite yo kap mennen ankèt sou sak pase a.

Share:

Leave a reply