Fòs lòd yo nan Nòdwès arive delibere 3 moun ki te kidnape nan Laplàt, komin Basen Ble

462

03/26/2021

Gwomòn_____(TRiboLAND) Li te vè 2:45 douvanjou maten vandredi 26 màs 2021 an lòske otorite depatman nòdwès ak latibonit lanse yon operasyon nan zòn Pandi nan Gwomòn, depatman Latibonit ki rive fasilite liberasyon 3 otaj pami 5 otaj ke yon gwoup bandi te kidnape nan lendi swa ki te 22 màs 2021.

Operasyon douvanjou sa, ki te konpoze de UDMO, Komisè gouvènman, Jean Volny Bellamin, Komisè gouvènman gonaiv la, Mèt Cerat, Direktè depatmantal polis nòdwès la, Daniel Compère te arive pouse do bandi yo nan yon kay kote ke viktim yo te enkasere. Malerezman se yon operasyon “pouse do” ou “deloje bandi”, ki pa arrive mete men sou oken bandi ni zàm. Milouse Rousier, dezyèm majistra komin Basen Ble a, se pami moun ki jwen liberasyon yo. Dapwè kèk sous otoritè, 2 pami nan 5 moun ki te kidnape yo te deja sove anba men bandi yo.

Antouka, se yon viritab kout nas otorite yo fè! Otaj yo nan moman sa trouve yo maten an nan vil Pòdpè kote ke yo sou kontwòl lapolis e ap gen pou retrouve fanmiy yo ki te nan gwo laperèz.

Comments are closed.