Sen Lwi Dinò: yon bèl vil ki nan wout pou gansterize

0 776

Sen Lwi Dinò____(TRiboLAND) Mèyè ou pi bèl vil nan Nòdwès peyi a ta sanble li pa manke anyen pou li sou wout gansterize, sinn ta vle kwè yon seri temwanyaj bò divès sitwayen komenn Sen Lwi Dinò ki vle rete anonima.

Sepi kèk tan, yon latriye gwoup gang achte vil Sen Lwi Dinò lajan kontan! Yo rache, yo separe, yo vyole fi yo vle e yo deside bay moun lavi oubyen pran lavi. Fas avèk enpwisans otorite yo e ak dezangajman total popilasyon an, sitiyasyon an tonbe andefayans.

Zònn tankou Dovwe, Ti Rivyè, Vètus pou nou site sa yo sèlman, gansterize. Pami chèf gang ki pi notwa e kap batay pou pran kontwòl vil la, ou jwenn: Alatèt Level avèk Eric ki nan kòkòday ak Frè Prospère yo. Avanyè, 2 gwoup gang sa yo te kase yon randevou batay nan zònn Rivyè Ba. Dapwè divès temwen, youn nan gwoup yo pat pwezan; pa konsekans, lòt gwoup la te fache tèlman ke yo te oblije simen panik kanmèm. Tire anlè e kreye anpil pètibasyon ak sabotaj anba zye otorite yo ki pa posede gwo madoulè zam mesy sa yo posede.

Alfrèd se non youn nan nouvo viktim yo ki sibi zak asasinaj bandi yo. Sitwayen sa arive pran yon demi douzènn bal nan men bandi yo; li te pwezante avèk yon twou bal nan tèt li avan yè nan Pakè Tribinal Pòdpè a pou plent fòmèl kont bandi yo.

Apa de sa, gwoup gang sa yo te arive egzekite egalman yon sitwayen anndan lakay li nan Dovwe, krim ki endinye popilasyon an. Konsa, pwezans Leta inefektif ak yon popilasyon ki pa twò kwè nan kapasite otorite yo pou bay vrèman pwoteksyon fas ak pwoliferasyon gang kap simen dèy nan 3èm sikonskripsyon elektoral Nòdwès la.

Leave A Reply