MOSANOH reyalize yon Jounen Refleksyon sou Avan Pwojè Konstitisyon an

119
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Jodi samdi a 5 jiyè 2025 lan, “Mouvement de Solidarité pour l’Avancement d’une Nouvelle Haïti” (MOSANOH) òganize yon jounen refleksyon sou avan pwojè konstitisyon an ki lakòz anpil deba nan sosyete ayisyèn lan. Aktivite a te fèt nan vil Pòdpè, kote anviwon yon santèn manm te reyini pou analize, diskite, epi pataje refleksyon sou kontni ak konsekans pwojè sa.

Mèt Fresnel Jean, avoka renome nan rejyon an, te anime rankont lan. Nan entèvansyon li, li mete aksan sou nesesite pou reflechi ak lespri ouvè sou kèk aspè fondamantal nan dokiman an. “Gen atik ki merite konsèvasyon, men gen lòt ki mande revizyon serye.” Li ensiste sou bezwen pou sosyete a panche sou “Dwa di sòl” olye ke nou toujou mete aksan sèlman sou “Dwa di san”, yon panse ki, daprè li, mete fren sou pwogrè ak inklizyon nan peyi a.

Pami patisipan yo, anpil eksprime enkyetid yo sou fason pwojè konstitisyon an ta ka bay Prezidan Repiblik la twòp pouvwa, san kontwòl oubyen balanse pouvwa. Yo mete anvan ke menm si konstitisyon aktyèl la lakòz konfli ant pouvwa yo, sa pa dwe bay pòt gran ouvè pou konsantrasyon pouvwa depann nan men yon sèl moun.

Rankont lan te fini sou yon nòt konsansis, kote patisipan yo dakò ke priyorite nasyonal la ta dwe retabli sekirite, òganize eleksyon demokratik, epi mete peyi a sou chimen estabilite ak relans. Dapre yo, se sèl fason pou nenpòt refòm oswa chanjman enpòtan, tankou konstitisyon an, jwenn validite ak akseptasyon popilè.

MOSANOH, ki genyen an tèt li ansyen senatè Nòdwès la, Lucas Sainvil, kontinye montre angajman li pou kontribye nan yon Ayiti ki pi demokratik, enkliziv, epi ki chita sou baz solidarite ak refleksyon kolektif.

Share:

Leave a reply