TRiboLAND : Yon gwoup moun pran fòmasyon gratis sou fabwikasyon diven ak chanpay nan Pòdpè

919

10-14-2023

Pòdpè, Ayiti_______(TRiboLAND)  Jan sa te anonse, yon gwoup moun idantite eklazyastik patisipe nan yon seyans fòmasyon gratis sou fabwikasyon diven ak chanpay, jodi samdi 14 okòb 2023 a, nan Legliz Evanjelik Batis Peniel nan vil Pòdpè.

Nan yon espas ki boure avèk patisipan, Pastè ou Kòdonatè ekip TRiboLAND lan, Leonel Mocombe te entwodwi staff medya anlynn lan bay patisipan yo ki te sòti nan diferan rejyon ou kongregasyon, patikilyèman sa yo ki ap evolye nan pweparasyon “La Sainte Cène”, yon filyè ke legliz pa sispann depanse pou li chak mwa.

Fòmatè Richard e John, 2 chimis konsome ou fòmatè ki espesyalize nan domèn pwodwi chimi, te deja tou pare vè 9:00 maten an, pou demare ak yon parèy aktivite ki vize soulaje depans lekliz yo, e menm lage demele nan men sa yo ki vle pwodwi nan fè diven ak chanpay.

Nap raple, Mouvman TRiboLAND lan, pa gentan pou politik; ni li pa asèpte bay nenpòt ki fòmasyon pou echanj nenpòt ki bagay, pou nou pa di pou lajan!

Comments are closed.