Pòdpè EPAIN : Yon group moun resevwa yon jounen fòmasyon patikilyèman sou transfòmasyon fatra an chabon ekolojik

466
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti_______(TRiboLAND) Sou inisyativ Lekòl Pwodui Agwo_Endistriyèl ak sipò Fondasyon TRiboLAND, yon gwoup moun tout kalite resevwa yon jounen fòmasyon sou fabwikasyon pwodwi chimik ak transfòmasyon fatra an chabon ekolojik jounen jodi samdi 5 jiyè 2025 la, nan vil Pòdpè, riyèl Valyè nan katye Sou Kannal.

Sou direktiv yon chimis konsome e ki pase deprezantasyon, Franck Philippe pat pran tan byen bonè nan maten, nan lokal pou te entwodwi yon latriye enstriksyon ou resèt enpresiv bay plis pase yon trantèn aprenan fanm ak gason ki te soti nan diferan komin nan depatman Nòdwès la. Se te yon veritab festen aprantisaj! Patisipan yo te genyen opòtinite pou apran fabrikasyon pwodwi chimik, ki baze sou resèt kóman pou fè ji, savon lave ak transfòm fatra an chabon e latriye.

Seminè fómasyon sila a te òganize nan lokal Legliz Evangelik Batis Nouvèl Misyon, se te yon jès bò kote Rev. pastè Wilson Elidort ki te vle fasilite patisipasyon li. Se te menm kad figi a tou bò kote Foundasyon TRiboLAND.com, ki te asèpte sponsor kèk sektè nan depatman Nòdwès ki reyèlman konsène sou degradasyon anviwonmanl ou kansè debwazman ki mete divès rejyon ajenou.

Fòmatè Franck Philippe pat manke esplike objektif yon parèy seminè; li deklare “olye nou bay jèn yo yon pwason chak jou, nou prefere montre yo peche.” Li kontinye mete anfaz sou yon evantyèl lokal pou enplante Lekòl Pwodwi Agwo-Endistriyèl yo, nan Metwopól Nòdwès la.

Kanta patisipan yo, majorite nan yo, se timoun lekòl . Yo pa t kache satisfaksyon yo. Yo tout, pandan yo voye yon kout chapo bay fòmatè a, pwòf Franck Philippe ak Fondasyon TRiboLAND, yo pwomèt pou yo al fè koze e menm kòmanse fè kichòy pou pwepare anseskolè 2025 – 2026 lan.

Share:

Leave a reply