DRAM NAN PÒDEPÈ, YO JWENN KÒ SAN VI YON JÈN GASON NAN ZÒN LAKÒN

343
0
Share:
TRiboLAND

03/23/2026

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Popilasyon zòn Lakòn, ki chita touswit aprè Pon Twa Rivyè nan vil Pòdpè, leve anba gwo sezisman lendi 23 mas 2026 la apre yo fin dekouvri kò san vi yon jèn gason nan yon ma dlo, ki idantifye sou non Serafen Cinéus. Viktim nan, ki nan trantèn, idantifye kòm yon rezidan nan katye Dèti Pòdpe. Dekouvèt la fèt toupre yon chantye kote yo t ap koule yon beton, sa ki ogmante kesyon sou sikonstans lanmò a.

Daprè fanmi viktim nan, jèn gason an te kite lakay li dimanch 22 mas pou l te patisipe nan travay beton sa a nan zòn Lakòn. Apre li pa t retounen lakay li, enkyetid te kòmanse grandi jiskaske rechèch fanmi an mennen yo sou kote yo jwenn kò a. Fanmi lan dekri li kòm yon bon travayè, responsab, ki te toujou ap lite pou pran swen fanmi li, sitou yon pitit gason li kite dèyè ki gen 13 ane.

Apre konsta legal otorite yo sou plas, fanmi an te jwenn otorizasyon pou leve kò a epi transpòte li nan mòg vil la, pandan yo ap tann plis limyè sou kòz lanmò sa a ak dat antèman an. Pou kounye a, anpil kestyon rete san repons sou sa ki te pase vrèman nan lannwit dimanch lan, pandan kominote Lakòn nan plonje nan lapenn ak refleksyon sou yon lòt lavi ki disparèt nan kondisyon ki pa klè.

Share:

Leave a reply