Chan Avyasyon Pòdpe a tounen yon depotwa: Rezidan yo lanse yon SOS bay otorite yo

07/18/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Chan Avyasyon Pòdpe a, ki te konn sèvi kòm yon enfrastrikti enpòtan pou avyon desann epi kòm yon espas kote elèv lekòl yo te konn fè aktivite espòtif ak etidye chak maten ak aprè midi, jodi a pèdi tout valè li. Sit la tounen yon depotwa kote moun ap lage fatra, gravat ak tout kalite debri, sa ki mete an danje anviwònman an epi bay rezidan yo gwo tèt chaje.
Sitiyasyon sa a pwovoke gwo endinyasyon nan mitan moun ki abite nan zòn nan depi plizyè ane. Yo denonse fason espas la ap degrade chak jou anba je tout moun, san okenn mezi serye pa pran pou pwoteje l. Daprè plizyè rezidan, si pa gen entèvansyon rapid, ansyen chan avyasyon an ka vin tounen yon sous polisyon ak lòt pwoblèm sante piblik pou kominote a.
Rezidan yo lanse yon apèl ijan bay otorite lokal yo pou fikse rega yo sou eta deplorab chan an. Yo fè konnen yo pare pou pote kontribisyon pa yo nan nenpòt inisyativ netwayaj oswa reyabilitasyon ki fèt ak transparans ak bon jan planifikasyon. Sepandan, yo raple yo te deja fè plizyè efò ak kontribisyon pandan administrasyon ansyen majistra Josué Alusma a, men sa pa t abouti ak okenn chanjman reyèl. Jodi a, yo mande aksyon konkrè pou sove espas istorik sa a.






