Kire katedral dyosèz Pòdpè a mande konkou tout pitit Nòdwès pou gwo konsekrasyon nouvo evèk la

478

Pòdpè_____(TRiboLAND) 5 septanm pwochen se va jou “J” yon gwo evènman istorik ou relijez pou dyosèz Pòdpè a ki pwal pwosede ak òdinasyon ou konsekrasyon, Charles Peters Batélus yon nouvo Evèk pou depatman Nòdwès la.

Nan yon entèvyou ke li akòde Radyo Marconi FM ak TRiboLAND, kire pawas Katedral imakile Konsepsyon nan Pòdpè, Pè Jocelin Dolce elabore sou diferan demach ou aks pweparasyon ki pral fasilite reyisit yon parèy evènman. Pou Pè Dolce, Katedral la pral konstitye pwensipal sant dakèy pou tout aktivite kap fèt yo; e pi, gwo aktivite a, se pral konsekrasyon nouvo Evèk la nan samdi kap 5 septanm vè 9:00 nan maten. Konsa nan sans sa, lidè espirityèl la estime gen bon jan travay pweparasyon ak akomodasyon ki merite fèt yon fason pou rann evènman an grandyoz e reyisi.

Kidonk, li fè apèl a volonte ak patisipasyon tout pitit katolik Nòdwès, anndan kon deyò, espesyàlman sa yo ki sòti nan vil Pòdpè pou pote kole nan pwosès pweparasyon an. Nan okazyon konsekrasyon nouvo Evèk la, Imakile konte resevwa yon latriye vizitè kap sòti nan divès kwen; etranje kon lokal. Sepandan, genyen gwo pwewokipasyon sou salte Katedral la ki poko disponib pou akomode etranje sa yo ki gen pou debake nan site Kapwa Lamò a.

Dapwè Pè Dolce, antite ki responsab demach lojistik yo estime ke fasad pwensipal ak enteryè katedral la reyèlman nan nesesite pou pentire; devi enjenyè Kervin yo estime yon montan $7,000 dola vèt pou acha penti (100 bokit koulè blan, 15 galon koulè dore, 14 bokit ble, 8 bokit bèj, 30 galon koulè bwik, 1 bokit koulè mawon, 2 galon koulè mahogani) dapwè pwi 2 gwo konpayi penti nan Pòtopwens; e yon adisyonèl $3,000 dola vèt destine pou (men dèv, echafodaj ou trepye pou nou site sa yo sèlman) lòt depans suplemantè.

Anpil gwo mache pwese ap antreprann bò kote gouvènman Jovenel Moise la nan kad delivwe Nòdwès konstwiksyon plizyè kilomèt wout avan mega evènman an. Selon dènye repòtaj TRiboLAND yo, TPTC ap miltipliye ou dinamize fòs ak mwayen operasyonèl konstwiksyon woutyè yo lajounen kon lanwit san kanpe pou rive jous Andwo.

Responsab dyosèz Pòdpè yo mande konkou tout katolik konsekan ki natif natal depatman Nòdwès, piti kon gwo ki anndan e deyò peyi a pou pote kole nan jan yo kapab yon fason pou nou fè evènman sa youn ki san parèy! Nap raple, yon parèy evènman pràl fasilite vizit yon pakèt vizitè Gran Toryan nan vil Pòdpè tankou Nons Apostolik la, 14 monsenyè apwoksimatif, Mè e Pè nan diferan lòt kongregasyon, fanmiy ak zanmi nouvo monsenyè a, san konte yon nich moun kap sòti nan dyaspora a. Vil Pòdpè pa gen lòt chwa sinon ke fè tèt li bèl!

Comments are closed.