Fondasyon TRiboLAND nan LaPwent/Lavo te selebre “Fèt Manman yo” an gran panpan

Lavo, Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Depi 2è aprèmidi jodi dimanch 25 me 2025, tout manm kòdinasyon Fondasyon TRiboLAND nan Lapwent/Lavo, te deja prezan nan gro sòlòkòtò ke yo te deja anvizaje nan okazyon “Fèt Manman yo”. Kontrèman ak ane pase, objektif yon parèy rankont, se te santre okazyon an nan yon kontèks sosyo-kiltirèl kote tout manman ki se manm aktiv TRiboland, kapab pale sou reyisit yo nan fondasyon an ki kontinye ap miltipliye fòmasyon gratis pou tout moun atravè peyi Dayiti.
Selon sa Kòdonatris, madam Pastè Numa ta rapòte, anbyans lan te reyèlman enpresyonan e koutwà. Debi program nan te aksantye avèk yon seri eleman kiltirèl, kote plizyè patisipan tap chante plizyè chanson ki pat manke satouyèt odyans lan. Dezyèm faz la te konsantre sou reyisit ansyen aprenan yo, ki koulya ap viv de tout sa yo te jwen gratis atravè Fondasyon TRiboLAND. Kèk temwanyàj te reyèlman tresayan, sa te pouse plizyè nan patisipan tap kriye fas ak rantabilite ekonomik ke yo arive jwen nan travay ak pròp tèt pa yo.
Konsa, anbyans lan te yon veritab tablewonn, ki pat kite oken manman san kè kontan ak griyen dan. Yo plis wè TRiboLAND kòm yon ranpa, yon sekouris ou yon protektora ki kontinye genyen enpak sou vi yo sou plan sosyàl e ekonomik. Kèk nan patisipan yo te rabat pou di, ke bonjan tikòb arive fèt nan pwodwi piwili, shampoo lalwà, mistolin, faboloso, gremas ak diven, yon seri pwodwi ke yo fabrike, kap byen pase sou mache a.
Pou anpil manm, lajan fèt pweske chak jou, swit ak fòmasyon TRiboLAND ki te dispoze gratis pou tout sa ki pa vle delenkans juvenil, gang, pwostisyon, enfliyans politisyen krizokal fè ladènye sou yo. Kidonk, yo swete wè TRiboLAND genyen lavi long!






