Francoeur Noelzilien resevwa anpil pataswèl anba men yon gwoup jamayiken kap fè vwayaj klandesten sou zile Latòti

281
0
Share:
TRiboLAND


07 – 24 – 2024

Latòti, Ayiti_____(TRiboLAND) Francoeur Noelzilien yon jèn gason 29 lane pase move moman anba men yon gwoup jamayiken ilegal ki gen nan tèt yo, Bano, Niki, Larry, Papa, Soupa. Chak jamayiken sa yo gen yon baz lakay yo kap distribye zam bay tijèn yo pou kreye dezòd nan komin nan.

Depi 6 zè nan sware tout moun Ofigye se senti mare ak kout zam kap tire nan tout direksyon. Ti fi pa epanye ak gwo kòb yap ofri yo ki kapab fè yo tonbe nan tout kalite zak sosyete a kondane.

Trafik marigwana ak zam pa sispann taye banda nan zòn Figye sou zile Latòti. Popilasyon tòtigèz la deplore jan aksyon sa yo kap prodwi sou zile a.

Popilasyon nan Figye ap mande otorite yo nan depatman Nòdwès peyi Dayiti entèvni rapid rapid sou zile a espesyalman Nan Figye pou yon lòt jèn pa viktim ankò anba grif jamayiken trafikan moun, zam ak marigwana ak dwòg.

Share:

Leave a reply