Yon sibtiti komisè nan Pakè Grand Rivyè Dinò resevwa anviwon trant mil dola ayisyen pou libere yon bandi ak sangwen.

827


04 – 27 – 2024

Grand Rivyè Dinò, Ayiti____(TRiboLAND) Bri kouri nouvèl gaye! Sibtiti komisè Gary Chery nan tèt kole ak kouzen li, Pierre Bona, resevwa anviwon trant mil dola ayisyen (30.000), pou libere yon bandi sangwen ki pote non, Dieubon Antoine.

Dapwè enfòmasyon T Carry Maître Vokal pataje ak korespondan TRiboLAND yo, Dieubon Antoine ki genyen 36 lane, te espesyalize nan fouye moun, brakaj poun site sa yo sèlman. Antoine ta pral jwenn arestasyon li nan dat 2 mas 2024 la nan zòn Letan, kote li t’ap chèche sove pou li t’al kache nan komin Dondon.

Nan moman n’ap pale la, Dieubon ki te konn fè brakaj nan zòn Pon limit, e ki te transfere 22 jou apre arestasyon li, pa nan prizon ankò. Se sibtiti Gary Chery nan tèt kole ak kouzen li, Pierre Bona ki libere li pou 30.000 dola ayisyen.

Comments are closed.