Lilavach : BLTS fouke 2 jamayiken pou trafik dwòg ilegal

2,032

10/16/2021

Lilavach______(TRiboLAND) Brigade de Lutte contre le Trafic de Stupéfiants (BLTS) nan tèt kole ak Garde-côte mete lapat sou 2 sitwàyen jamaiken nan zòn “Madan Bèna” nan Lilavach, depatman sid peyi Dayiti.

Endividi sa yo ki pote non: Dudley Omar ak Wilchel Dominique alyas “Bako”, genyen gwo chay akizasyon trafik dwòg ilegal, posesyon zàm ilegal ak asosyasyon malfektè pandye sou tèt yo, dapwè otorite fòs lòd yo ki konfime ke “Bako” se youn nan poulen yo tap chèche tankou chyen fou depi lontan.

Konsa, ajan BLTS arive sezi yon bon valè Mariwàna ki estime 4,5kg, yon zàm fann fwà mak “Cobra”, yon chajè ak anpil lòt materyèl pami yo yon motosiklèt ak 5 telefònn mobil.

Comments are closed.