Responsab Ministè Edikasyon Nasyonal yo bay yon bilan sou jounen egzamen 9è ane fondamental yo

437
0
Share:
TRiboLAND


07 – 24 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Responsab yo nan Ministè Edikasyon Nasyonal prezante yon bilan jeneral sou egzamen 9è ane fondamental yo ki reyisi nan peyia, malgre tout difikilte ki te genyen pou ane akademik 2023 – 2024 la.

Daprè kòdonatè ministè a ki se Jean Wilnord Pierre te gen 186, 370 kandida pami yo genyen 95% ki te reponn prezan nan sal egzamen yo.

Egzamen yo te byen dewoule nan majorite kote nan peyia. 3 jounen egzamen yo te yon reyisit, pwiske divès sektè ou enstitisyon te kontribye pou rann timoun yo rive boukle ane a. Pou Nicolas Kendy ki se yon direktè nan ansèyman fondamental, egzamen yo te nan nivo elèv yo sitou avèk divès estrateji responsab yo te pran pou sove ane a.


Share:

Leave a reply