Sen Lwi Dinò: 4 jènn moun nan yon fanmiy jwenn arestasyon yo nan aktivite pwodwi ilisit

0 579

Sen Lwi Dinò___(TRiboLAND)  Lafrance Valdine e Jackson Jean Jacques, Flaure Jean Jacques ak Émmanuelle Jean Jacques se non yon gwoup fanmiy ajan Brigad lut kont trafik estipefyan (BLTS) arive entèpele Mèkredi 8 Janvye 2020 nan Ti Rivyè, nan Sen Lwi Dinò pou asosyasyon yo nan aktivite ilisit dwòg.

Moun sa yo ki se 3 jènn fi ak ki apepwè nan ven lane ak yon ti nosan minè te entèpele apwè BLTS nan konkòday ak Gad Kòt nan Sen Lwi Dinò te efektye yon operasyon marasa nan kay Sylvetha Changer alyas “Tata” kap viv nan Ti Rivyè. Pèkizisyon an te efektye vè 2 zè nan apwè midi, alòske Jij Titilè Tribinal Depè Sen Lwi Dinò a, ki se Mèt Eden Lubin pat pran tan pou fè konsta legal yo.

Dapwè Jij Depè Lubin, otorite lokal yo arive fè dap piyanp sou 24 kg fèy sèch ki ta tèt koupe ak marigwana. 84 biyè 50 goud, 59 biyè 250 goud, 78 biyè 100 goud, 94 biyè 1000 goud, 138 biyè 500 goud e latriye.

Nan moman sa, 4 endividi sa yo koutinye ap reponn kesyon nan gad adavu Sen Lwi Dinò a.

Leave A Reply