Yon lòt magogo ankò! Etazini akòde yon asistans 13, 2 milyon dola US a gouvènman Moise-Jouthe la

0 419

Pòtopwens___(TRiboLAND) Nan kad pou ede Ayiti pare kou anba atak kowonaviris la, gouvèman Etazini akòde yon asistans 13, 2 milyon dola US a gouvènman Moise-Jouthe la yè Vandredi 17 Avwil 2020 an, dapwè yon tweet bò kote responsab USAID yo.

Yon parèy magogo ta dwe destine pou bay jarèt ak aktivite mobilizasyon, pwevansyon, netwayaj, apwovizyonnman dlo potab, laboratwa ak divès lòt nesesite ki gen pou wè ak kowonaviris la.

Li enpòtan pou sinyale, sa fè yon bon bout tan rejim PHTK a ap resevwa anpil “Ti lyon” nan non kowonaviris la; sependan gwo kesyon an, eske reyèlman genyen konpetans onivo gesyon ak transparans ase ki kapab dekouraje gaspiyaj magogo sa yo?

Fas a yon gouvènman ki anemi onivo kredibilite nasyonal, ki sa yon moun dwe atann? Pandan nap ede yo konte sa ki antre ak sa ki sòti, petèt kòriptè yo ki nan antouraj pouvwa a, kapab pran ti kal konsyans!

Leave A Reply