Twa (3) jou egzamen 9èm ane fondamantal yo dewoule san gwo difikilte nan komin Gran Gwav.

07 – 24 – 2024
Gran Gwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Twa (3) jou egzamen 9èm ane fondamantal yo bout mèkredi 24 jiyè 2024 la, san gwo ensidan, dapwè deklarasyon responsab sant nan lise Phito Gracia a nan vil Gran Gwav, Jean René Jacob.
Responsab sant lan, Jean René Jacob deklrare lise a genyen 680 kandida ki divize an 2 sant, pami kandida yo genyen 11 ki pa reponn prezan aloske fich yo vini. Mesye Jacob presize ke tout konsiy ministè edikasyon nasyonal te pase yo respekte, sofke yo rive sezi divès telefòn, pandan-l fè konnen siveyan yo fè travay yo.

Ala tèt sant lan, Jean René Jacob ki deklare lameri, lapolis, lajistis, anpil nan direksyon lekòl yo ak paran yo nan komin nan antann yo apwè dewoulman egzamen an, pou tout kandida yo rantre lakay yo, yon fason pou evite banbòch malsèn nan lari.
Kèk kandida ki tap reponn kesyon repòte TRiboLAND, sou bò pa yo, opinyon yo pataje, genyen ki di egzamen an te nan nivo yo sofke nan premye jou a Syans Eksperimantal pat anfavè yo.
Pou sèten lòt, egzamen an te difisil anpil, ministè a pa bayo sa yo te travay nan sal klas yo e yo fè konnen yo pa atann oken rezilta pozitif.






