Aktivite gang lage gwo van panik jodi a nan mitan kapital la

342

Pòtopwens____(TRiboLAND) Van panik ankò yon fwa pa sispann soufle nan kapital la jodi madi 2 jwen 2020 an. Bandi malfwa Village de Dieu yo ki ame jis nan dan, mete anba lavil la sou gwo pwesyon.

Dapwè disvès rapòtè volontè, gwoup kriminèl la deplase kite baz li (Village de Dieu) yon fason pou yo ale vanje frè gang yo ke “Base Pillate” te touye yè dimanch ki te 31 me 2020 an.

Konsa, anpil kout zam tap chante nan zònn Bisantnè alòske anpil malere ki tap jere demele yo, oblije kouri ki te sant vil la ki te reyèlman malouk.

Comments are closed.