Lapolis nan Latibonit nan zòn Ti Bwadòm fouke 3 endividi kòm trafikan dwòg

1,325

12-10-2022

Gonayiv, Ayiti ____(TRiboLAND) Lapolis nan Latibonit pwosede ak arestasyon Aldonère Destiné, Emmanuel Suggny ak Vertilus Celicia nan zòn Ti Bwadòm, komin Gwomòn jounen samdi 10 desanm 2022 a, kòm trafikan dwòg.

Twa endividi sila yo tap transpòte 503,74 lbs marigwana nan 23 gwo sak abò yon toyoya wouj ki imatrikile: TQ-15981 ki tap pran direksyon depatman Nòdwès. Kantite bagay sa yo evalye a 22,668,759 milyon goud daprè responsab PNH yo nan Latibonit.

Daprè nouvo Direktè depatmantal Latibonit PNH la, Jean Bruce Myrtil ki apèn transfere nan kanton an, anyen pap travèse depatman Latibonit la, kit se dwòg, zam ak bal. Li kontinye pou di: tout moun ki rantre nan gang, gen pou chwazi ant: Mawon, Mare oubyen Mouri (MMM); sa vle di swa yo mawon, swa Lapolis mare yo, ou yo mouri nan afwontman ak Lapolis. Direktè a fini pou di, yo pral remèt bay BLTS dwòg yo sezi yo paske se BLTS ki gen ekspètiz nan domèn sa.

Comments are closed.