Flash/flash: Gwo tansyon nan prizon sivil Pòdpè a nan moman n’ap pale la.

843

05 – 03 – 2024 – mizajou

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Gwo van tansyon ap vante nan prizon sivil Pòdpè a ant polisye yo ak prizonye yo, swit ak mouvman grèv ajan APNA yo.

Nan moman n’ap pale la, plizyè katouch ap tire bò kote polisye yo, pou rive wè si yo ka repwann kontwòl sityasyon an.

Yon sous polisyè ta konfye TRiboLAND ke konplotaj soulèvman an tap prepare nan selil C-D, ki loje 37 prizonye kondane. Sepandan, enfòmasyon yo ta vle fè kwè ke genyen 11 pwizonye ki gaye nan lanati.

Kontrèman ak sa ki tap di, ta sanble pa genyen oken polisye ki mouri nan katchouboumbe ki eklate anndan Sant kaseral vil Pòdpè a.

Comments are closed.