Plizyè òganizasyon foule beton an nan vil Pòdpè pou mande depa premye minis Ariel Henry.

02-07-24
Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Fòs Nòdwès Ini ak divès lòt òganizasyon foule beton an jounen mèkredi 7 fevriye 2024 la pou yon 4è fwa nan vil Pòdpè, pou egzije depa premye minis defakto peyi Dayiti a, Ariel Henri ak tout akolit sangwen li yo.
Pou koupe fache ak rejim peze souse a, lidè Fòs Nou yo pat ezite lanse operasyon fèmen tout biwo Leta yo ki ta pral debouche sou fèmti plizyè biwo tankou : direksyon Travo Piblik branch Nòdwès, Delegasyon, DGI, La Dwàn, Finans, Edikasyon, Biwo Agrikilti, poun site sa yo sèlman.
Vle pa vle fòk Ariel, Alusma, ak tout akolit li yo mache pòs yo, se slogan manifestan yo pandan tout pakou a.
Nap raple w, nan moman manifestan yo tap pase nan zòn Twarivyè, ajan BI yo ki pat gen okenn pitye pou pèp la te tire sou manifestan yo saki ta lakòz yon moun pran bal.






