Nòdwès bouke ak pwomès krizokal : Wout an tè bati mete popilasyon an kòlè kont gouvènman an

162
0
Share:
TRiboLAND

07/18/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Anons gouvènman defakto Alix Didier Fils Aimé fè sou travay k ap fèt sou wout Pòdpe – Jan Rabèl la pa rive konvenk anpil moun nan depatman Nòdwès ki genyen tèt li sou zepòl li. Okontrè, li pwovoke yon vag kritik sou paj ofisyèl Primati a, kote plizyè sitwayen denonse sa yo konsidere kòm yon “similak devlopman” makiye. Daprè yo, lanse yon wout an tè bati nan mitan sezon siklonik la, san okenn garanti sou dirabilite travay la, se yon desizyon ki pa reponn ak bezwen reyèl popilasyon an.

Pou anpil moun nan depatman an, wout Pòdpe – Jan Rabèl la se youn nan pi gwo tèt chaje yo. Chak fwa lapli tonbe, sikilasyon vin enposib, epi menm nan sezon sèk, chofè ak pasaje yo oblije fè fas kare ak kote ki pa menm genyen wout. Sitwayen yo fè remake pandan Leta ap reyalize pwojè asfalt nan plizyè lòt depatman malgre kriz peyi a, Nòdwès la kontinye resevwa sèlman solisyon pansman ou krizokal. Yo estime sitiyasyon sa a montre depatman an toujou ap sibi neglijans, malgre kontribisyon li bay Leta atravè taks ak lòt obligasyon fiskal. Konsa, popilasyon ki nan mizèrere chak jou ki jou, ki krim Kapwa Lamò te fè Leta ayisyen? Gran mesi chyen se kout baton!

Fas ak mekontantman sa a, plizyè vwa leve pou mande otorite yo chanje apwòch yo anvè Nòdwès. Gen sitwayen ki mande depa Enjenyè Angelot Oracius ki pa menm fè moun santi genyen yon bagay ki rele TPTC nan depatman an. Yo akize li kòm responsab ki pa rive pote rezilta pou depatman an.
Gen lòt moun ki estime, ke Angelot plis plase pou kouri reponn moun sou radio nan depatman, olye li fè prèv de yon reprezantan TPTC. Konsa, li plis ap jwe wòl relasyon piblik e dispose ekipman enstitisyon an pou travay moun afè bon. Antouka, sitwayen yo lanse yon apèl tou bay Premye Minis defakto Alix Didier Fils Aimé ak tout minis TPTC a, Joseph Almathe Pierre Louis pou revize dosye yo; pran mezi ki nesesè, epi mete sou pye yon pwojè wout ki serye e dirab, olye travay ke yo estime ki se jwèt manje tè.

Pwopagan wout tè bati ki deja kòmanse nan Nòdwès peyi e ki senbolize lawont ak anbarasman ke gouvènman an ap pwone, koze plis dega e li leve plim sou do chak pitit nan depatman Kapwa Lamò a. Nou nan ane 2026, rejyon an pa merite “similak devlopman” makiye sila ou move tretman ke sa!
Antouka plis Angelot TPTC ou mwens Angelot TPTC egal 0.

Share:

Leave a reply