Pwomosyon Zenith “Collège Notre-Dame de Lourdes” (CNDL) nan vil Pòdpè, reyisi seremoni gradyasyon yo.

622

08-16-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Pwomosyon 2016-2023 “Collège Notre-Dame de Lourdes” CNDL, ki pote non “Zénith” gradye jodi mèkredi 16 dawout 2023 a nan Vil Pòdpè, Nòdwès peyi Dayiti.

Nan okazyon an, yon mès aksyon Degras selebre nan Katedral Pòdpè a, pou di Bondye mèsi avan yo di CNDL orevwa. Majorite elèv ki gradye ki fè pati Pwomosyon “Zenith” lan, gen pou wè avèk etidyan ki se pitit zantray enstitisyon eskolè a. Yon separasyon ki pa fasil, men ki se yon pasaj oblije.

CNDL se youn nan ansyen kolèj kap fòme jèn depi plizyè deseni nan vil Pòdpè, rete inik kolèj ki gen 4 seri segondè renove nan depatman Nòdwès la, depi arive “nouvo segondè” nan sistèm edikatif la. Nou vle pale de: LLA, SES, SMP ak SVT.

Comments are closed.