Lapolis nan Jakmèl mare 2 gwo koure nan kase kay ak biznis moun Jakmèl

824


05 – 03 – 2024

Jakmèl, Ayiti ____(TRiboLAND) Lapolis nan Jakmèl mare 2 gwo koure ki espesyalize yo nan dènye moman yo nan kase kay ak biznis moun nan Jakmèl. Frantdy Laurent alyas Nou Tout ak Bickklendison Cadet se non 2 prezime asasen yo.

Lapolis nan Sidès ki pap dòmi fè arestasyon sa nan zòn Breman. Nan Kad operasyon sa, Lapolis sezi plizyè materyèl mesye yo te vòlè.

Asasen yo pou konnya nan kadavi, an atandan swivi yo fèt nan nivo Lajistis. Otorite Polisyè yo mande popilasyon an kolabore yon fason pou konbat tout malfwa kap simen latèrè nan depatman an.

Comments are closed.